Papa Gèdè (Bel Gason) - Single album cover by Naïka

30-sec preview

2017 · From the album Papa Gèdè (Bel Gason) - Single

Papa Gèdè (Bel Gason)

by Naïka

6 Popularity
50 Views
05:18 Runtime

In the queue

We're still reading this one.

Our editorial desk hasn't published an interpretation for "Papa Gèdè (Bel Gason)" yet. Want us to cover it sooner? Tell us why — high-priority reader requests jump the queue.

Reviewed by editors before generation.

03 · Lyrics

"Papa Gèdè (Bel Gason)"

Si lakansyel te gen vwa

Si lakansyel te ka chante

Se tankou Lumane li ta chante

Kote Lumane pran lavwa

Se yon toubiyon ki leve

Mande pye palmis yo danse

Epok sa se nan tan bisantnè

Si ou fet avanyè

Ou p'ap ka konnen

Kijan ayisyen te fou pou li

Kijan yo te renmen:

Lumane Casimir

Yon tifi

Yon ti kòmè pwovens

Ki vini pòtoprens ki vinn cheche lavi

Yon tifi

San zanmi san fanmi

Yon gita anba bra'l ak yon lespwa nan vwa'l

Le'l kanpe, le'l kanpe pou'l chante

Rosinyol k'ap pase vinn poze pou tande'l

Se konsa, de twa jou pa pase, nan lakou bwa vèna se de li y'ap pale

Nan yon ti kay san limyè

Ki te nan lakou fò senklè

De yon tifi ki pwatrinè

Se la yo vinn remize'l

Gen yon sel moun k'ap okipe'l

Men se pa tou lè jou'l vini

Se de twa timoun nan vwazinaj, ki konn fe ti koutay, pou ba li manje

Men fo'w konnen, se yon denye zanmi, se yon denye fanmi

Lumane Casimir

Le'l mouri

Anteman'l ap chante

Tout moun li te sevi yo youn pa prezante

E se te yon jounen san soley

Syel l'an t'ape kriye, tout nyaj yo te an dèy

Pye lorye, ki te sou plas Sent Ann

Yo pliye, yo panche pou yo salye Lumane

E nan van, nan van ki t'ap pase

Gen moun ki fe sèman yo tande'l ap chante:

Papa Gèdè bel gason

Gèdè Nibo bel gason

Abiye tout an blan, pou l'al monte o palè

Papa Gèdè bel gason

Gèdè Nibo bèl gason

Abiye tout an blan, pou l'al monte o palè

Le'l abiye tout an blan

Li sanble yon deputé

Le'l abiye tout an nwa

Li sanble yon senatè

Le'l abiye tout an blan

Li sanble yon deputé

Le'l abiye tout an nwa

Li sanble yon senatè

Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo

Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo

Papa Gèdè bel gason

Gèdè Nibo bel gason

Abiye tout an blan

Pou l'al monte o palè

Papa Gèdè bel gason

Gèdè Nibo bel gason

Abiye tout an blan

Pou l'al monte o palè

(Hey)

Le'l abiye tout an blan

Li sanble yon deputé

Le'l abiye tout an nwa

Li sanble yon senatè

Le'l abiye tout an blan

Li sanble yon deputé

Le'l abiye tout an nwa

Li sanble yon senatè

Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo

(Anmwey, ayayay)

Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo

(Hihiiiii)

Woy Papa Gèdè adje Gèdè Nibo(×3)

Papa Gèdè bel gason

Lyrics via Google. Copyright belongs to rights holders.

04 · FAQ

Frequently asked

When was "Papa Gèdè (Bel Gason)" released?
"Papa Gèdè (Bel Gason)" by Naïka was released on February 3, 2017 on the album "Papa Gèdè (Bel Gason) - Single".
What album is "Papa Gèdè (Bel Gason)" on?
"Papa Gèdè (Bel Gason)" appears on the album "Papa Gèdè (Bel Gason) - Single" by Naïka.
0:00 -0:00